Paj Antre

Misyon: Middlesex Children’s Advocacy Center (“MCAC”) gen konviksyon tout timoun gen dwa an sekirite, pou okenn malè pa rive yo. Nan travay l ap fè, men nan men, ak Inite kont Abi sou Timoun lan [Child Abuse Unit], ki nan Middlesex District Attorney’s Office, MCAC ap fè tout sa li kapab pou minimize chòk segondè timoun ki viktim yo kapab resevwa; pou rive fè sa, MCAC senplifye pwosedi pou okipe ka vyolans seksyèl sou timoun, vyolans fizik grav kont timoun, ak esplwatasyon timoun. Metòd travay ekip miltidisiplinè nou yo pèmèt fè mwens entèvyou nan ankèt yo, ak fè viktim yo parèt mwen souvan nan tribinal, epi yo pèmèt kowòdone sèvis yo pi vit epi ak plis efikasite pou viktim yo ak pou moun nan fanmi yo ki pa antò, epi yo pèmèt ekip la jwenn enfòmasyon li bezwen pou rive jwenn rezilta nan chak ka, pou sèvi enterè timoun lan pi byen.

MCAC se yon manm akredite nan National Children’s Alliance.